Jaden Botanik Okay remèsye w paske ou siyen epi pataje petisyon nou an ki mande Leta ayisyen pou sove l epi pran mezi pou rouvèti l.
Jaden Botanik Okay — yon patrimwàn ki bati ak pasyon sou plis pase ventan — vandalize epi fèmen pa fòs : koleksyon plant ra yo koupe, boule epi detwi, epi rezèv ekolojik la elimine nèt epi mete dife sou li.
Pou sove l, nou lanse Faz 1 mobilizasyon an : rasanble plis siyati posib pou mande Leta ayisyen aji — jan atik 256 Konstitisyon an egzije sa — ak yon objektif 5 000 siyati anvan 5 jen 2026.
Objektif sa a pa t atenn nèt, men mobilizasyon ou pèmèt nou rasanble 3 602 siyati ki soti nan 57 peyi atravè mond lan. Rezilta sa a montre yon atachman pwofon ak Jaden Botanik Okay ak misyon li nan konsèvasyon, edikasyon ak rechèch.
Yon gwo mèsi a tout moun ki siyen depi Etazini, Ayiti, Kanada, Frans, Repiblik Dominikèn ak plizyè douzèn lòt peyi ki vin jwenn nan eslan kolektif sa a.
Semèn sa a, ekip nou an ap analize rezilta mobilizasyon an epi ap antreprann demach swivi ki nesesè yo ak otorite konsène yo, pou nou kontinye efò nou pou rouvri Jaden Botanik Okay pou piblik la.
Nou kwè fèm ke enstitisyon sa a reprezante yon patrimwàn syantifik, edikatif ak anviwònmantal ki esansyèl pou Ayiti. Depi nan kòmansman limanite, gwo sivilizasyon yo bati sou konesans ak metriz plant yo. Jaden Botanik Okay jwe wòl sa a jodi a: konsève richès vejetal la, edike jenerasyon k ap vini yo, epi valorize patrimwàn natirèl ayisyen an.
Kit ou se etidyan, elèv, pwofesyonèl oswa senpleman yon moun ki renmen lanati, vwa w konte pou sove patrimwàn nou an.