Logo Jardin Botanique des Cayes
Depatman Edikasyon — Jaden Botanik des Cayes

OBJEKTIF NOU

DEPATMAN EDIKASYON

Nou rann syans aksesib piblik la: ekologi, botanik ak sante ki baze sou plant. Nou kreye eksperyans senp, pratik ak enspiran pou aprann pi byen konprann nati - ak pou proteje l pi byen. Priyorite nou: timoun yo, pou noulen kiryozite, kreyativite ak espwa.

Akèy

MISYON NOU: APRANN NAN NATI

Depatman Edikasyon Jaden Botanik des Cayes tradui konesans ki soti nan rechèch ak tèren an nan apprentisaj aksesib. Nou bati pwogram ki pèmèt konprann plant, ekosistèm ak lyen dirèk yo ak sante, alimantasyon, rezilians klimatik ak konsèvasyon.

Aktivite nou yo bay piblik la repè konkrè: obsèvwa, idantifye, konprann ak aji. Atravè atelie ak soti, patisipan yo devlope konpetans pratik ak yon kilti syantifik itil nan lavi chak jou, nan metye anviwònman ak desizyon kominote.

Aksyon nou yo òganize alantou twa pil: pwogram lekòl · pwogram inivèsite · fòmasyon & kou.

1. PWOGRAM LEKÒL

Bay dezi pou aprann: obsèvasyon, eksplorasyòn, pratik.

Eksplorasyòn nan jaden - pwogram lekòl

Eksplorasyòn nan Jaden

Vizit gide ak atelie obsèvasyon: byodivèsite, fòm, odorasyon, itilizasyon ak wòl plant.

Jaden nan lekòl - pwogram lekòl

Jaden nan Lekòl

Entèvansyon nan lekòl: aktivite edikasyonèl, mini-atelie ak sansibilizasyon sou proteksyon nati.

Men nan tè - pwogram lekòl

Men nan Tè

Atelie pratik: kouman plante, vese dlo, proteje yon jèn plant ak konprann wòl tè a.

2. PWOGRAM INIVÈSITE

Staj, kou espesyalize ak aprann nan tèren.

Staj fòmasyon - pwogram inivèsite

Staj Fòmasyon

Staj nan tèren: metòd envanteri, fotografi syantifik, koleksyon done ak travay sou koleksyon.

Kou espesyalize - pwogram inivèsite

Kou Espesyalize

Kou aplike: ekologi, botanik, etnobotanik, fitotèrapi, naturopati ak lòt tèm ki gen rapò ak byodivèsite.

Eksplorasyòn ak envanteri - pwogram inivèsite

Eksplorasyòn & Envanteri

Soti dapre etid ak envanteri floriSTIK pou ranfòse konpetans obsèvasyon, idantifikasyon ak analiz.

3. FÒMASYON & KOU

Pou enstitisyon, ONG, leta ak piblik la.

Fòmasyon pou anplwaye - ranfòsman kapasite

Fòmasyon pou Anplwaye

Ranfòsman kapasite: zouti, metòd tèren, kontni pedagojik ak bon pratik òganizasyon.

Staj teknik - fòmasyon

Staj Teknik

Staj sible pou aprann nan pratik: pepinyè, envanteri, koleksyon done, pwopagasyon.

Eksplorasyòn ak soti - fòmasyon

Eksplorasyòn & Soti

Soti nan tèren pou devlope konpetans rèl: obsèvasyon, idantifikasyon, lekti abita ak swiv.

KOU PIBLIK & SÈRTIFIKASYON

Sante · Nati · Teknik Espesyalize.

Sèrtifika Sante ak Byen-etwa

Sante & Byen-Etwa

  • Plant medikaman: idantifikasyon & itilizasyon
  • Fitotèrapi & naturopati (apwòch pratik)
  • Etnobotanik: savwa & referans
Sèrtifika Nati ak Ekologi

Nati & Ekologi

  • Ekologi ak botanik (baz solid)
  • Evolisyon plant & ekosistèm
  • Restorasyon ak amenajman paysa
Sèrtifika Teknik espesyalize

Teknik Espesyalize

  • Pepinyè: pwoduksyon plant
  • Envanteri ak swiv byodivèsite
  • Apikiltir: elveaj & pwoduksyon

PWOJE EDIKASYON (PASE · KOUNYE A · LAVNI)

Yon vi klè sou aksyon Depatman Edikasyon an.

Pwoje: Vizit lekòl

Vizit Lekòl

Aksèy klas nan jaden: dekouvèt gide, atelie ak sansibilizasyon sou byodivèsite.

Pwoje: Kou ak atelie

Kou & Atelie

Atelie tematik: plant, anviwònman, sante ki baze sou plant ak pratik tèren.

Pwoje: Sansibilizasyon

Sansibilizasyon

Aktivite edikasyonèl nan lekòl pou ankouraje respè pou nati ak sèvis ekosistèm.

Konekte ak Nou

Konekte ak nou lè ou bezwen gen done sou fitotèrapi, naturopati, plant endemik, plant natif, ak byodivèsite.